Skip Global navigation and goto content

It's a New Day in Public Health.

The Florida Department of Health works to protect, promote, and improve the health of all people in Florida through integrated state, county, and community efforts.

Skip MegaMenu and goto content

Kesyon Moun Poze Souvan: Monoksid Kabòn

By Florida Department of Health in Broward, Public Information Office

October 30, 2017

Contact: Candy Sims

Public Information Office

(954) 467-4784 – candy.sims@flhealth.gov

Kisa Monoksid Kabòn ye?

Monoksid Kabòn (CO) se yon gaz ki san odè, san koulè, ak san gou, ki anpeche oksijèn ki nan san an ale nan rès kò a, epitou li toksik anpil.

Ki Sous Prensipal CO?

Monoksid kabòn sòti lè konbistib yo pa fin boule nèt tankou chabon, bwa, chabon bwa, gaz natirèl, gazolin, dizèl, kewozèn ak mazou lejè. Monoksid kabòn kapab sòti nan dèlko pòtatif, nan ti motè ki fonksyone avèk gazolin, nan griy ki fonksyone avèk chabon bwa, nan fou ki fonksyone avèk gaz, nan lafimen machin ki nan garaj ki tache nan kay ak nan lafimen tabak. Kapab gen pwoblèm lè yo pa byen mete, enstale, opere, ak repare aparèy oswa aparèy kay ki bay CO. Sistèm echapman yo pa byen planifye oswa ki fonksyone mal pou aparèy konbistyon kay ki enstale nèt ka lakòz plis nivo CO tou. Dèlko pòtatif ak griy ki fonksyone avèk chabon bwa se sous prensipal CO, epi ou pa ta dwe janm opere andedan bilding ki fèmen oswa ki pa fin fèmen nèt oswa toupre pòt, fenèt ak ouvèti nan kay la.

Ki Sentòm Anpwazònman avèk Monoksid Kabòn?

Selon jan yon moun ekspoze ladan, CO ka lakòz li gen fatig, feblès, doulè nan pwatrin pou moun ki gen maladi kè, souf kout lè moun nan ap fè egzèsis fizik, kèplen, vomisman, maltèt, konfizyon, mank kowòdinasyon, vizyon twoub, pèdi konesans, epi nan plizyè ka, lanmò.

Kisa Ou Ta Dwe Fè Si Ou Panse Ou Anpwazonnen nan CO?

Si ou panse w ap soufri avèk anpwazònman nan monoksid kabòn (CO), ou ta dwe ale kote ki gen lè fre imedyatman. Fèmen tout aparèy ki fonksyone avèk konbistib yo, epi sòti nan kay la. Ale nan yon sal-dijans. Asire ou fè doktè a konnen ou sispèk ou anpwazonnen nan CO. Pa fè tankou ou pa gen sentòm, sitou si se plis pase yon moun ki santi sentòm yo. Nan anpwazònman ki grav nan CO, rele sèvis ijans 911 oswa Sant Enfòmasyon sou Pwazon nan nimewo 1-800-222-1222.

Kisa Ki Kapab Fèt pou Moun Pa Anpwazonnen nan CO?

Pou pa anpwazonnen nan CO, asire tout aparèy kay ki fonksyone avèk konbistib yo (chemine, fou, radyatè pou chofe dlo, founo) ajiste kòrèkteman, epi yo dwe fonksyone dapre eksplikasyon manifakti a ak kòd konstwiksyon lokal yo. Asire lafimen fou ak radyatè yo degaje sou deyò epi asire yo pa gen fuit ladan yo. 

Pa itilize fou oswa fou ki fonksyone avèk gaz pou chofe kay ou. Pa boule chabon bwa andedan yon kay, kabin, veyikil lwazi, oswa oto-karavàn, epitou pa janm kite yon vwati oswa motè aparèy pou koupe gazon ap woule na yon abri oswa garaj, oswa nan nenpòt espas ki fèmen oswa ki pa fin fèmen nèt. PA JANM itilize dèlko oswa machin-a-presyon ki fonksyone avèk gaz andedan nenpòt bilding oswa kay. Menmsi ou fè lè antre nan yon bilding oswa nan yon kay sa p ap anpeche CO ki menase lavi moun fè depo ladan. Pa mete dèlko pòtatif oswa motè pòtatif ki fonksyone avèk gazolin toupre nenpòt ouvèti kay la (fenèt, pòt, è-kondisyone fenèt, vantilasyon echapman).

Kisa pou Di Sou Detektè Monoksid Kabòn?

Anvizaje enstale detektè CO lakay ou. US Consumer Product Safety Commission (Komisyon Etazini pou Sekirite nan Pwodui Konsomasyon) rekòmande pou enstale detektè CO nan tout kay. Enstale detektè CO ki fonksyone avèk pil oswa ploge detektè CO ki gen yon pil lè pa gen kouran nan kay ou, dapre eksplikasyon manifakti a pou enstalasyon an. Detektè CO a ta dwe sètifye dapre egzijans dènye prensip sekirite pou detektè CO yo (UL 2034, IAS 6-96, oswa CSA 6.19.01).

SA POU SONJE: Ou kapab itilize detektè monoksid kabòn (CO) yo kòm yon sipò men pa pou ranplase bon jan itilizasyon, plasman ak antretyen aparèy kay ki boule konbistib oswa ekipman pòtatif ki fonksyone avèk gaz. Epitou, sonje detektè CO yo la pou sonnen yon alèt nan nivo ki avanse toutbon. Si yon moun ekspoze nan nivo enferyè CO ki anba limit detektè a sa kapab toujou lakòz efè negatif sou sante li (pa egzanp, si moun nan gen maladi kè oswa maladi oswa maladi poumon). 

Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte depatman sante konte kote w ap viv la, oswa konekte sou entènèt nan sitwèb (Depatman Lasante Laflorid nan Broward County 954-467-4700) - https://broward.floridahealth.gov oswa nan www.FloridaDisaster.org.

Error processing SSI file